Skip to main content
At MSF’s office, a 51-year-old woman describes to staff the multiple times she was subjected to sexual violence. In one instance, she was assaulted while she and her family were kidnapped by a group of armed men. She was able to pay a ransom for her family’s release, but her father later died of injuries sustained during his captivity.
Nan biwo MSF nan Pòtoprens, yon dam dekri bay anplwaye yo plizyè fwa li te sibi vyolans seksyèl. Nan yon ka, li te sibi agresyon pandan li menm ak fanmi li t ap kidnape pa yon gwoup gason ame. Li te rive peye yon ranson pou yo te ka lage fanmi li, men papa l te mouri pita akoz blesi li te pran pandan yo te kaptif. Ayiti, Desanm 2025.
© MSF

Rapò: Vyolans seksyel ak vyolans ki baze sou seks moun nan Potoprens

Nan biwo MSF nan Pòtoprens, yon dam dekri bay anplwaye yo plizyè fwa li te sibi vyolans seksyèl. Nan yon ka, li te sibi agresyon pandan li menm ak fanmi li t ap kidnape pa yon gwoup gason ame. Li te rive peye yon ranson pou yo te ka lage fanmi li, men papa l te mouri pita akoz blesi li te pran pandan yo te kaptif. Ayiti, Desanm 2025.
© MSF
Ebola disease in DRC: find out how we're responding
Learn more

Vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks te ogmante nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, depi 2021 epi y ap itilize l sistematikman pou teyorize kominote yo, ak yon enpak san parèy sou fanm ak tifi, daprè yon rapò Medsen San Fwontyè (MSF) pibliye jodi a. Kriz sa a ap fèt pandan enfrastrikti, sèvis piblik ak kondisyon lavi yo ap deteryore nan mitan vyolans ak ensekirite toupatou.

Rapò MSF la, Vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks nan Pòtoprens, Ayiti, baze sou 10 lane done medikal ak temwayaj nou kolekte nan klinik Pran Men'm MSF la. Depi MSF te louvri klinik sa nan lane 2015, nou  bay prèske 17.000 moun swen medikal ak sikososyal konplè, 98 pousan ladan yo se fanm ak tifi.

Sentèz Rapò: Vyolans seksyel ak vyolans ki baze sou seks moun nan Potoprens pdf — 335.04 KB Download